ELÈV MA YO

SI OU SE YON ELÈV LEKÒL PIBLIK, OU GEN DWA POU

  • Suiv lekòl ansekirite, san takinri, asèlman oswa diskriminasyon.
  • Pou yo itilize non ak pwonon ou konfime yo.
  • Abiye epi eksprime ou nan yon fason ki koyeran ak idantite seksyèl ou.
  • Itilize twalèt ak vestyè ki koyeran ak idantite seksyèl ou.
  • Ale nan bal gradyasyon an ak yon moun nenpòt ki sèks lan.
  • Gen aksè ak enfòmasyon apwopo sousi ak moun ki nan LGBTQ yo lekòl lan.
  • Patisipe nan espò ak aktivite yo nan lekòl lan.
  • Kenbe dosye lekòl ak medikal ou yo konfidansyèl.
  • Mande lekòl ou an pou modifye dosye yo pou l reflete non ak sèks aktyèl ou an.
  • Konprann pwosedi disiplin lekòl ou an si yo ap disipline ou.

Tout lekòl, piblik oswa prive, ki resevwa finansman federal pa ka fè diskrimanasyon sou baz sèks oswa sitiyasyon VIH. Pafwa asèlman yon elèv ki omoseksyèl oswa transjan pral yon asèlman seksyèl, lalwa federal yo konnen antanke Tit IX lan entèdi.

Desizyon Lakou Siprèm lan nan dat 18 jen an konsènan DACA sèvi pou retabli DACA dapre kritè 2012 yo. Sa yo kouvri nouvo aplikasyon ak renouvèlman yo. Nan toude egzanp yo, yon aplikan te dwe rive Ozetazini anvan l gen 16 lane e pa gen plis pase 30 lane lè l fenk ap aplike pou pwogram lan. Pa egzanp, yon moun ki te rive Ozetazini, nan laj 5 lane e li te gen 25 lane lè pwogram lan te kòmanse nan lane 2012 lan t ap satisfè egzijans laj lan. Lòt egzijans yo te gen ladan yo okenn kondanasyon kriminèl ak yon enskripsyon aktyèl nan lekòl segondè oswa yon diplòm nan yon lekòl segondè Ozetazini.

TAKINRI

TAKINRI AK ASÈLMAN

Lekòl yo dwe pwoteje jenès LGBTQ an kont takinri, asèlman ak vyolans nan men pwofesè yo ak pèsonèl lan oswa lòt elèv yo.

Takinri defini antanke: yon zak (yon zak elektwonik tou) ki oryante kont yon elèv apati yon lòt elèv oswa gwoup elèv ki:

  • repete ofi amezi
  • gen entansyon pou pase nan rizib, imilye oswa entimide; epi jennen nan yon fason konsiderab dwa yon elèv pou jwenn yon edikasyon san danje kèlkeswa li rive nan espas lekòl lan ou pa.

Asèlman defini antanke: kondwit ekri, vizyèl oswa fizik (mwayen elektwonik tou) ki jwenn motivasyon l nan ras, lafwa, koulè, orijin nasyonal, sitiyasyon matrimonyal, sèks, oryantasyon seksyèl, idantite seksyèl oswa andikap yon elèv oswa yon manm fanmi yon elèv (sa ki gen ladan l sitiyasyon VIH) ki gen entansyon pou:

  • jennen nan yon fason konsiderab pèfòmans edikatif oswa aksè ak resous lekòl yo; oswa
  • kreye yon anviwonnman ki entimide oswa ki ostil.

Lekòl yo dwe adopte politik ki kont takinri ak asèlman, epi chak ane elèv ak paran yo dwe resevwa avi sou politik sa yo. Sa aplike tou ak kèk lekòl prive.

SI OU EKSPERIMANTE TAKINRI OSWA DISKRIMINASYON

Kontakte GLAD Answers, liy nou an pou enfòmasyon jiridik konfidansyèl.

  • Pale ak yon pwofesè oswa konseye ou fè konfyans.
  • Gade politik lekòl ou yo (abityèlman yo nan manyèl pou elèv yo oswa sou entènèt), jwenn kiyès pou ou avèti, epi depoze yon rapò.
  • Dokimante nenpòt ensidan ou eksperimante.

KLÈB NAN LEKÒL YO AK GSA YO:

An jeneral, elèv yo gen dwa pou fòme klèb ki lye ak LGBTQ nan lekòl lan. Sa se akoz Lwa sou Aksè Egalego an, ou ka li l la.

PWOTEKSYON KONSTITISYON AN BAY POU LAPAWÒL, EKSPRESYON, ABIMAN, APRANTISAJ

Lè yon sistèm eskolè trete yon elèv LGBTQ yon fason diferan parapò ak lòt elèv yo, sa gendwa reprezante yon diskriminasyon ki entèdi nan kad lwa ki egziste yo. Anplis, Konstitisyon ameriken an pwoteje libète ekspresyon, libète akademik, libète ak dwa ou pou aprann. Pa egzanp:

  • Dwa pou eksprime ou sou sousi ki lye ak oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl ak ekspresyon nan limit konstitisyon an;
  • Dwa pou aprann apwopo sousi LGBTQ yo epi gen aksè ak enfòmasyon epi resous nan yon fason pedagojik e ki apwopriye ak laj apwopo sousi ak moun LGBT yo

SI OU ENPLIKE NAN DEPATMAN TIMOUN AK FANMI YO

Jenès LGBTQ an gen dwa ak plasman ki san danje epi apwopriye nan sistèm byennèt timoun lan, san diskriminasyon ak asèlman sou baz oryantasyon seksyèl oswa idantite oubyen ekspresyon seksyèl yo.

Jenès LGBTQ an gen dwa pou li lib anba asèlman ak abi sou baz oryantasyon seksyèl oswa idantite oubyen ekspresyon seksyèl yo sispèk oswa ki vre nan plasman fwaye akèy yo. Sa vle di jenès lan ta dwe pwoteje kont alafwa chòk fizik epi emosyonèl nan plasman yo, e yo ta dwe plase yo ak moun k ap pran swen yo ki pral asire sekirite ak byennèt yo andeyò fwaye an.

Jenès LGBTQ an gen dwa pou li lib apwopo oryantason ak idantite epi ekspresyon seksyèl li.

Jenès transjan an gen dwa pou yo idantifye l ak non epi pwonon ki ale ak idantite seksyèl li epi pou l mete abiman ki koyeran ak idantite seksyèl li.

Jenès LGBTQ an gen dwa pou li lib anba andoktrinman relijye ki kondane oswa denigre oryantasyon oswa idantite oubyen ekspreson seksyèl yo.

Jenès LGBTQ an gen dwa ak tretman egal epi gen aksè ak sèvis ki apwopriye pou oryantasyon seksyèl yo oswa idantite oubyen ekspresyon seksyèl yo pandan yo nan pwogram byennèt timoun lan.

Jenès LGBTQ an dwe gen aksè ak swen sante mantal oswa medikal ki apwopriye, e yo pa ta dwe fòse yo sibi sèvis ki pa kòrèk oswa ki ap andomaje byennèt yo, tankou terapi pou repare oswa konvèsyon.

Jenès LGBTQ an ta dwe jwenn tretman egal ak jenès etewoseksyèl lan ak jenès ki konfòme l ak idantite seksyèl yo, ansanm ak parapò ak manifestasyon afeksyon ki apwopriye ak laj yo.

Jenès LGBTQ an ta dwe gen aksè ak dokiman epi resous ki pou ede l.

JWENN PLIS ENFÒMASYON AK ÈD JIRIDIK

Pou plis enfòmasyon apwopo dwa ak pwoteksyon ou yo, e pou referans, ou ka kontakte GLAD Answers, liy gratis ak konfidansyèl GLAD lan pou enfòmasyon jiridik. Resous ou pou dwa jiridik LGBTQ ak VIH ou yo!
GLAD Answers | GLAD
L–V 1:30–4:30 p.m. EST
Jen 2020