PWOTEKSYON KI EGZISTE YO – KONN DWA OU YO!

Ou pwoteje kont diskriminasyon sou baz idantite oswa ekspresyon seksyèl ou oswa oryantasyon seksyèl ou nan:

  • Travay
  • Lojman
  • Kredi
  • Espas piblik
  • Edikasyon
  • Swen sante
  • Sèvis gouvènman Eta a oswa lokal yo

Ou pwoteje kont diskriminasyon nan aksè ak swen sante.

Plan asirans sante yo pa ka retire tretman pou disfori idantite seksyèl yo yon fason kategorik.

Desizyon 12 jen 2020 HHS lan konsènan Seksyon 1557 Lwa sou Swen Abòdab yo pa ranplase lwa Eta a. Lwa MA yo kont diskriminasyon pral kontinye pwoteje aksè ak aranjman piblik pou trans ak moun ki pa konfòme yo ak idantite seksyèl yo. Desizyon Seksyon 1557 lan pa p afekte lwa Eta a. Klike la pou machasuiv pou operasyon pou konfime sèks yo nan MassHealth.

VYEYISMAN

Ou gen dwa pou fè respekte idantite ou nan tout espas yo ansanm ak lojman epi swen medikal.

Ou ka nonmen kiyès ou vle pran desizyon finansye ou yo nan ka ou pa kapab pran yo. Yo rele sa a yon pwokirasyon.

Ou ka nonmen kiyès ou vle pran desizyon swen sante ou yo nan ka ou pa kapab pran yo. Yo rele sa a yon mandatè pou swen sante.

JENÈS

Diskriminasyon kont Oryantasyon Seksyèl ak Idantite epi Ekspresyon Seksyèl

Massachusetts entèdi diskriminasyon sou baz oryantasyon seksyèl ak idantite epi ekspresyon seksyèl nan lekòl prive ak piblik yo.

Entèdiksyon an rann li ilegal, akoz oryantasyon seksyèl ak idantite epi ekspresyon seksyèl, pou:

  • Retire yon moun, refize yon moun avantaj, oswa fè yon moun sibi diskriminasyon nan nenpòt fòmasyon oswa lòt pwogram oubyen aktivite akademik, andeyò lekòl, rechèch, pwofesyonèl;
  • Refize yon moun opòtinite egal nan pwogram atletik;
  • Retire nenpòt moun nan nenpòt pwogram oswa aktivite;
  • Refize admisyon nan yon enstitisyon oswa pwogram oswa pa rive founi aksè egal ak nenpòt enfòmasyon apwopo yon enstitisyon oswa pwogram atravè rekritman; oswa
  • Refize disponiblite ak opòtinite asistans finansye.

Remake: Gen kèk eksepsyon pou etablisman edikatif kòporasyon, asosiyasyon oswa sosyete relijye posede epi ap dirije.

NON DISKRIMINASYON KONT TRANSJAN AK IDANTITE SEKSYÈL GLOBAL NAN LEKÒL MA YO

Ou gen dwa pou suiv lekòl san danje epi san diskriminasyon ak asèlman sou baz oryantasyon seksyèl oswa idantite oubyen ekspresyon seksyèl ou.

Lekòl ou an dwe founi aksè egal pou pèmèt ou patisipe sou kondisyon egal nan tout pwogram lekòl yo, ansanm ak aktivite epi espò andeyò lekòl yo.

Lekòl yo dwe respekte idantite seksyèl ou, ansanm ak pèmèt ou abiye epi prezante ou nan yon fason ki koyeran ak idantite seksyèl ou.

Ou bezwen èd pou mete non ou oswa idantifikatè seksyèl ou ajou? Kontakte Pwojè ID Transjan nou an.

PWOTEKSYON KONT DISKRIMINASYON NAN KAD TIT IX LWA FEDERAL LAN

Tit IX se yon lwa federal ki entèdi diskriminasyon ki baze sou sèks nan lekòl ki resevwa finansman federal (prèske tout lekòl piblik yo). Anpil tribinal entèprete “diskriminasyon ki baze sou sèks” tankou li aplike ak diskriminasyon elèv transjan yo ak sila yo ki pa satisfè kliche oswa atant seksyèl yo eksperimante.

Depatman Edikasyon Etazini an ranfòse Tit IX lan. Si ou te sibi diskriminasyon sou baz idantite transjan ou, ou gen 180 jou apre diskriminasyon oswa asèlman an rive pou depoze yon plent bò kote Depatman Edikasyon Etazini an. Nou kwè Tit IX lan pwoteje elèv transjan yo. Lakou Siprèm te abòde kesyon an parapò ak si diskriminasyon ki baze sou sèks lan anglobe moun LGBTQ yo, kidonk gen plis oryantasyon k ap vini.

Plis enfòmasyon apwopo Tit IX epi depoze yon plent twouve l nan Sant Nasyonal pou Egalite Transjan yo (National Center for Transgender Equality).

TAKINRI

LWA MASSACHUSETTS YO ENTÈDI TAKINRI

Lekòl ou an dwe pwoteje ou kont takinri, asèlman ak vyolans nan men pwofesè yo, pèsonèl lan oswa lòt elèv.
Takinri idantifye antanke: yon zak (fizik oswa elektwonik) ki oryante kont yon elèv apati yon lòt elèv oswa gwoup elèv ki:

  • repete ofi amezi
  • gen entansyon pou pase nan rizib, imilye oswa entimide
  • jennen nan yon fason konsiderab dwa yon elèv pou jwenn yon edikasyon san danje kèlkeswa li rive nan espas lekòl lan ou pa.

Nan kèk sikonstans, egzanp takinri ki baze sou ras ak sèks ka kreye yon anviwonnman lekòl ki ostil.

Yon anviwonnman lekòl ki ostil egziste lè konduit vèbal, ekri, vizyèl oswa fizik (mwayen elektwonik tou) nan men yon lòt elèv oswa anplwaye lekòl lan:

  • seksyèl nan nati yo (asèlman seksyèl) ak/oswa baze sou ras
  • grav ase epi jeneralize
  • konpwomèt oswa jennen opòtinite edikatif ki nòmalman disponib pou elèv yo

Lekòl ou an dwe adopte politik ki kont takinri ak asèlman, epi chak ane ou menm ak paran oswa gadyen legal ou yo dwe resevwa avi sou politik sa yo.

Lalwa kont takinri nan Massachusetts lan aplike tou ak kèk lekòl prive. Verifye manyèl pou elèv yo pou politik lekòl ou an.

Pami lòt kategori yo, lalwa pwoteje elèv LGBTQ yo epi idantifye oryantasyon seksyèl, sèks, idantite seksyèl, ak ekspresyon seksyèl antanke faktè ki gendwa lakoz yo sible elèv yo nan takinen yo

JWENN PLIS ENFÒMASYON AK ÈD JIRIDIK

Pou plis enfòmasyon apwopo dwa ak pwoteksyon ou yo, e pou referans, ou ka kontakte GLAD Answers, liy gratis ak konfidansyèl GLAD lan pou enfòmasyon jiridik: rele 800-455-GLAD, lendi – vandredi, 1:30 – 4:30 p.m., imèl GLADAnswers@glad.org, oswa vizite: www.GLADAnswers.org nenpòt kilè.
Jen 2020