KESYON AK REPONS SOU DISKRIMINASYON NAN LOJMAN YO NAN MA

Kesyon ak repons yo poze souvan yo konsènan diskriminasyon nan lojman nan Eta Massachusetts lan. Pou konsèy oswa kesyon ki pa reponn la, tanpri rele GLAD Answers nan (800) 455-GLAD lendi-vandredi 1:30-4:30pm, imèl GLADanswers@glad.org, oswa vizite GLADAnswers.org.

K: Èske moun LGBTQ yo pwoteje kont diskriminasyon nan lojman nan Massachusetts?

R: Wi

K: Kisa lwa kont diskriminasyon nan lojman nan MA an entèdi?

R: Lwa lojman yo entèdi diskriminasyon bò kote sila yo ki angaje nan pifò aspè biznis lojman an, ansanm ak:

  • Piblikasyon
  • Acha
  • Vant
  • Lokasyon
  • Finansman lojman, kit se pou pwofi oswa pa pou pwofi

Trè souvan, reklamasyon sa yo enplike refi yon pwopriyetè, mèt kay oswa koutye imobilye pou vann, lwe oswa menm negosye ak yon moun sou lojman yo vle jwenn lan. Men lòt pratik entèdi tou, tankou mande oswa drese dosye oryantasyon seksyèl, idantite seksyèl sitiyasyon matrimonyal yon moun oswa diskriminasyon parapò ak prè ipotekè.

K: Èske mèt kay yo pa konsène ak lwa kont diskriminasyon nan lojman an?

R: Prensipal eksepsyon nan lwa a se batiman pwopriyetè yo rete ladan l yo ki gen de apatman oswa mwens. Lalwa konsantre l sou pwoteje moun ki ap viv nan batiman ki gen “plizyè lojman” yo. Si yon batiman gen sèlman de apatman epi pwopriyetè an ap viv nan youn ladan yo, eksepsyon an gendwa aplike.

Gen kèk lòt eksepsyon ki trè teknik. Si ou panse ou gen dwa nan yon sitiyasyon kote eksepsyon aplike, kontakte GLAD Answers pou plis enfòmasyon

K: Kisa ki ka rive apre yon plent depoze bò kote MCAD?

R: MCAD a afekte yon anketè pou verifye dosye ou an. Pati yo gendwa angaje nan “dekouvèt” limite – yon pwosesis jiridik ki pèmèt lòt pati an pou egzamine baz reklamasyon ou an epi pèmèt ou egzamine jistifikasyon ak defans yo, atravè kesyon ekri, demann pou dokiman ak depozisyon. Finalman, si dosye an rejte pou rezon teknik, yon Komisè pral deside si gen yon potansyèl koz pou kredite akizasyon ou yo.

Si yo twouve koz lan posib, dosye an pral nan pwosedi pou règleman. Si negosiyasyon pa rive pwodui yon règleman tout pati yo dakò sou li, dosye an ap pouswiv pi lwen ak plis dekouvèt epi posiblite yon odyans.

Menm anvan koz pwobab lan detèmine nan yon dosye lojman, MCAD a gendwa al nan tribinal pou chèche yon òdonans ki entèdi defandè an vann, lwe oswa dispoze nan yon lòt fason pwopriyete an pandan dosye an annatant. Yon fwa yo twouve koz posib lan, defandè an dwe avèti sou dwa l pou fè tande dosye l lan nan tribinal olye nan MCAD a.

Si yo twouve koz posib lan manke, dosye an fini amwenske ou konteste. Gen règleman espesyal ak kontrent tan sou kontestasyon yo nan MCAD a ki dwe obsève yon fason strik.

Kontakte GLAD Answers pou plis enfòmasyon.

K: Ki rekou jiridik MCAD a gendwa bay pou diskriminasyon si yon moun genyen dosye yo an la?

R: Rekou yo pou yon plenyan ki fè siksè pou dosye lojman gendwa gen domaj ladan yo (depans ki reyalize anfèt akoz aksyon ilegal ki lye ak deplase, estoke oswa jwenn lòt lojman) ak amand sivil pou peye bay Eta a.

K: Kijan mwen depoze yon plent pou diskriminasyon nan kad lwa Massachusetts lan?

R: Ou gendwa depoze l fizikman oswa alekri nan Komisyon Massachusetts lan kont Diskriminasyon an (Massachusetts Commission Againts Discrimination, MCAD). MCAD a prefere moun yo depoze l fizikman, amwenske yon avoka te prepare plent lan pou yo. Rele alavans pou fiske yon randevou epi jwenn sa ou bezwen pote an.

Boston: (617) 994-6000, vizit sit entènèt yo an.

Springfield: (413) 739-2145, vizit sit entènèt yo an.

Worcester: (508) 799-8010, vizit sit entènèt yo an.

New Bedford: (774) 510-5801, vizit sit entènèt yo an.

K: Èske mwen bezwen yon avoka?

R: Non. Pwosesis lan fèt pou pèmèt moun yo reprezante tèt yo. Toutfwa, GLAD ankouraje ak fòse moun yo pou jwenn avoka pou reprezante yo nan tout pwosesis lan. Non sèlman gen anpil règleman ki dirije pwosesis MCAD a, men patwon yo ak lòt akize yo gen posiblite pou gen reprezantasyon legal.

Kontakte GA pou enfòmasyon sou referans avoka yo.

K: Ki delè pou depoze yon plent pou diskriminasyon?

R: Plent pou diskriminasyon yo dwe depoze nan MCAD a nan espas 300 jou apati dènye zak sou diskriminasyon an (yo). Gen yon ti kras eksepsyon pou reta, epi GLAD ankouraje moun yo fè rapid nan depoze reklamasyon yo

K: Èske mwen ka depoze yon plent pou diskriminasyon ak yon ajans federal?

R: Wi, nan anpil ka. Kontakte GLAD Answers si ou vle aprann plis:

Pou plis enfòmasyon apwopo dwa ak pwoteksyon ou yo, e pou referans, ou ka kontakte GLAD Answers, liy gratis ak konfidansyèl GLAD lan pou enfòmasyon jiridik. Resous ou pou dwa jiridik LGBTQ ak VIH ou yo!
GLAD Answers | GLAD
L–V 1:30–4:30 p.m. EST
Jen 2020