MOUN AJE YO NAN MA

OTO-IDANTIFIKASYON

Tout moun LGBT yo gen dwa pou yo respekte yo nan kad lalwa, menm antanke moun ki pran pwòp desizyon yo sou kilè pou yo devwale e bay kiyès.

SEKIRITE AK RESPÈ NAN ESPAS PIBLIK YO

Ou gendwa pou ou pwoteje kont diskriminiasyon nan aranjman piblik yo (medikal, biwo, lopital ak lòt zòn) si ou se LGBTQ oswa si yo sispèk ou antanke LGBTQ.

ENFRASTRIKTI

Ou gendwa pou itilize twalèt yo ak lòt enfrastrikti ki diferansye selon sèks yo ki koyeran ak idantite seksyèl ou.

GAD AK JESYON

Nan ka gad ak jesyon, ou gen dwa:

  • pou mande yon avoka; si ou pa ka peye yon avoka pou tèt ou, mande pou yo ba ou youn
  • pou fè konsidere preferans ou pou gadyen oswa jesyonè ou an
  • ak notifikasyon nenpòt dosye ki enplike ou menm, mari/madanm ou oswa nenpòt moun ou t ap pran swen
  • pou kontinye pratike relijyon ou apre yo nonmen yon gadyen oswa jesyonè.

MANDATÈ SWEN SANTE (HPC) AK PWOKIRASYON (POA)

Ou ka nonmen kiyès ou vle pou pran desizyon swen sante ou yo (Mandatè Swen Sante) ak desizyon finansye ou yo (Pwokirasyon) nan ka ou pa kapab pran yo.

HPC ak POA yo espesyalman enpòtan pou asire patnè ki gen menm sèks yo gen dwa pou pran desizyon, menm si yo pa paran nan lyen san oswa pi pwòch paran legal. Nan Massachusetts, ou ka nonmen yon gadyen, e tribinal yo bay sa konsiderasyon si pi devan ou gen pwosedi nan tribinal ki gen rapò ak ou.

SEKIRITE SOSYAL

Administrasyon Sekirite Sosyal lan rekonèt tout maryaj legal yo. Kèk avantaj yo se avantaj matrimonyal pandan lavi epi avantaj pou sivivan apre lanmò, ansanm ak yon ti kantite montan pou depans antèman yo.

Remake: Konnen li pa toujou ekonomikman nan avantaj ou pou ou marye legalman; wè ak yon avoka pou konsèy sou kijan ou ta dwe pwoteje dwa ou yo.

MASSHEALTH

MEDICARE & MEDICAID (MASSHEALTH)

Medicare founi èd ak depans swen sante yo, men asire w ou aplike anvan ou gen 65 lane. Si ou pa anrejsitre anvan ou vin kalifye pou

Medicare, ou gen dwa vin peye pi gwo prim.

Medicaid gen dwa garanti kèk depans pou etablisman sèvis soutyen yo.

Si medikaman sou preskripsyon ou yo twò chè, gen pwogram lokal ak pwogram nan Eta a ki ka ede ou. Mande yon famasyen pou pwogram ak asistans pou rabè yo.

Èske Medicare refize ou sèvis, kouvèti asirans oswa peman? Èske ou pa sèten sou kijan pou jwenn swen ou bezwen an? Kontakte GLAD

Answers pou konekte ak èd jiridik.

RESOUS ANPLIS

Fenway Health

Boston Elder Info: 617-292-6211

Diverse Elders Coalition: 646-653-5015

Ethos: 617-522-6700

Your Elder Experts: 866-924-9543

Sage (Sèvis ak Defans pou Granmoun LGBTQ yo): 212-741-2247

POU PLIS ENFÒMASYON AK ÈD JIRIDIK

Pou plis enfòmasyon apwopo dwa ak pwoteksyon ou yo, e pou referans, ou ka kontakte GLAD Answers, liy gratis ak konfidansyèl GLAD lan pou enfòmasyon jiridik. Resous ou pou dwa jiridik LGBTQ ak VIH ou yo!
GLAD Answers | GLAD
L–V 1:30–4:30 p.m. EST
Jen 2020